Psalms 105:39
Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.
Bib La
In The King James Version
He spread a cloud for a covering; and fire to give light in the night.
In Context
38Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.
40Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.
Cross References
Exodus 14:24Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.
Numbers 9:16Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife.
Nehemiah 9:12Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.
Psalms 78:14Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
1 Corinthians 10:1Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.