Exodus 40:5
W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
6W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.
Cross References
Exodus 26:36Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a.
Exodus 30:6W'a mete lòtèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou.
Exodus 37:25Bezaleyèl fè lòtèl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fè l' kare kare: dizwit pous lajè, dizwit pous longè, trannsis pous wotè. Kat kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la.
John 14:6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Hebrews 10:19Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.