Exodus 26:36
Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 27:16Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a.
Exodus 35:11kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo,
Exodus 36:37Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'.
Exodus 40:5W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.
Numbers 3:25Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l' yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a,
2 Samuel 7:6Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase se anba yon tant twal mwen toujou ye.