Exodus 5:22
Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:11Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?
Joshua 7:7Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an!
1 Kings 19:4Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo.
Psalms 73:25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.
Jeremiah 20:7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.