Exodus 5:6
Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayèl ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a:
Bib La
In The King James Version
And Pharaoh commanded the same day the taskmasters of the people, and their officers, saying,
In Context
Cross References
Exodus 3:7Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.
Exodus 5:13Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la.
Numbers 11:16Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.
Deuteronomy 16:18N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.
Joshua 24:1Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.
2 Chronicles 26:11Ozyas te gen yon gwo lame toujou pare pou fè lagè. Lame a te separe an gwoup, dapre jan yo te enskri nan rejis Jeiyèl, sekretè wa a, ak Masyas, grefye a, te kenbe sou kontwòl Ananya, yonn nan gwo chèf wa a.