Exodus 7:11
Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo.
Cross References
Genesis 41:38Farawon an di moun pa l' yo: -Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?
Exodus 8:3Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat.
Exodus 8:18Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt.
Isaiah 19:11Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye?
Daniel 2:2Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a.
Daniel 4:7Dènye majisyen, dènye moun ki li zetwal, dènye divinò ak dènye nèg save vini. Mwen rakonte yo rèv la, men yo pa t' ka esplike m' sa li vle di.