Exodus 7:13
Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Bib La
In The King James Version
And he hardened Pharaoh’s heart, that he hearkened not unto them; as the LORD had said.
In Context
12Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo.
14Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale.
Cross References
Exodus 4:21Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.
Exodus 7:22Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Exodus 8:15Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Exodus 9:7Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale.
Exodus 10:1Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.
Exodus 10:27Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t' vle kite yo ale.