Exodus 8:15
Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo.
Cross References
Exodus 7:4Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.
Exodus 8:28Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.
1 Samuel 6:3Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa.
1 Samuel 6:12Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t'ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t'ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch.
Ecclesiastes 8:11Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.
Jeremiah 34:7Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje.