The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 7 › Exodus 7:20

Exodus 7:20

Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san.

Bib La

In The King James Version

And Moses and Aaron did so, as the LORD commanded; and he lifted up the rod, and smote the waters that were in the river, in the sight of Pharaoh, and in the sight of his servants; and all the waters that were in the river were turned to blood.

In Context

19Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.

21Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a.

Read all of Exodus 7

Cross References

Exodus 4:9Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san.

Exodus 7:10Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv.

Exodus 17:5Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache.

Numbers 20:8-Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.

Psalms 105:29Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.

Revelation 8:8Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 7:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 7:19Exodus 7Exodus 7:21 →