Numbers 20:8
-Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
9Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Seyè a te ba li lòd la.
Cross References
Genesis 18:14Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
Exodus 4:17Kanta baton sa a, toujou kenbe l' nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo.
Exodus 7:20Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san.
Exodus 17:5Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache.
Numbers 20:11Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.
Numbers 21:18Pi chèf yo te fouye Avèk baton kòmandan yo! Pi grannèg yo te fouye Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a! Apre sa, yo kite dezè a, y' al moute kan yo Matana.