Exodus 8:1
Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l' kapab fè sèvis pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou.
Cross References
Exodus 3:18Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an.
Exodus 5:1Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.
Joshua 8:18Seyè a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la.
Jeremiah 1:17Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.
Ezekiel 2:6Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di.