Exodus 7:4
Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:6Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.
Exodus 9:3M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo.
Exodus 11:9Seyè a di Moyiz: -Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip.
Judges 2:15Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè!
Isaiah 26:9Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
Ezekiel 14:21Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.