Exodus 8:29
Moyiz di l' konsa: -Kou m' soti isit la, mwen pral lapriyè Seyè a. Denmen mouchavè yo ap soti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Moyiz soti lakay farawon an, l' al lapriyè Seyè a.
Cross References
Exodus 8:8Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a.
Psalms 66:3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Jeremiah 42:20Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'.
Galatians 6:7Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.