Exodus 9:23
Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:18Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.
1 Samuel 12:17Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
Job 38:22Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?
Psalms 29:3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Psalms 78:47Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi.
Psalms 147:17Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?