Ezekiel 1:13
Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.
Cross References
Genesis 15:17Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.
Ezekiel 1:7Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli.
Matthew 28:3Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.
Revelation 10:1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.