Ezekiel 12:15
Lè m'a fin gaye yo tout nan mitan lòt nasyon yo, lè m'a fin simaye yo nan divès peyi etranje, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 5:10Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.
Ezekiel 6:7Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 7:4Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 12:16Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 14:18Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove.
Ezekiel 25:11Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.