Ezekiel 13:23
Enben! Se poutèt sa koulye a, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 18:20Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.
Ezekiel 13:6Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre.
Ezekiel 14:8M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l' tounen yon egzanp pou yo mete non l' nan chante. M'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 34:10Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.
Zechariah 13:3Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'.
Mark 13:22Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.