The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 16 › Ezekiel 16:15

Ezekiel 16:15

Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.

Bib La

In The King James Version

But thou didst trust in thine own beauty, and playedst the harlot because of thy renown, and pouredst out thy fornications on every one that passed by; his it was.

In Context

14Nan tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl ou pa t' ka pi bèl pase sa paske se mwen menm ki te fè ou bèl konsa. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

16Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.

Read all of Ezekiel 16

Cross References

Exodus 32:6Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.

Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.

Judges 3:6Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.

1 Kings 11:5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

2 Kings 17:7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.

Psalms 106:35Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 16:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 16:14Ezekiel 16Ezekiel 16:16 →