The Bible Software
bible.software › 1 Kings › 1 Kings 11 › 1 Kings 11:5

1 Kings 11:5

Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

Bib La

In The King James Version

For Solomon went after Ashtoreth the goddess of the Zidonians, and after Milcom the abomination of the Ammonites.

In Context

4Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la.

6Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a.

Read all of 1 Kings 11

Cross References

Leviticus 20:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.

Judges 2:13Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.

1 Samuel 7:3Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.

1 Kings 11:7Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

2 Kings 23:13Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.

Zephaniah 1:5Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Kings 11:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Kings 11:41 Kings 111 Kings 11:6 →