Ezekiel 20:16
Mwen te fè sèman sa a paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen te ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.
Numbers 25:2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
Ezekiel 20:8Men, yo te kenbe tèt avè m', yo derefize koute m'. Yo yonn pa t' voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m' te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' fache.
Ezekiel 23:8Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès.
Amos 5:26Se konsa, koulye a nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a.