The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 20 › Ezekiel 20:42

Ezekiel 20:42

Lè m'a mennen nou tounen nan peyi Izrayèl, peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Bib La

In The King James Version

And ye shall know that I am the LORD, when I shall bring you into the land of Israel, into the country for the which I lifted up mine hand to give it to your fathers.

In Context

41Lè m'a fè nou soti nan mitan lòt pèp yo, lè m'a ranmase nou nan tout peyi kote mwen te gaye nou yo, m'a kontan resevwa nou ansanm ak ofrann bèt n'ap boule pou mwen pou fè m' plezi ak bon sant yo. N'a fè tout lòt nasyon yo konnen se yon Bondye apa mwen ye.

43Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.

Read all of Ezekiel 20

Cross References

Jeremiah 31:34Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Ezekiel 20:38M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 24:24Ezekyèl menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Seyè sèl Mèt la.

Ezekiel 34:13M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.

Ezekiel 37:21Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.

Ezekiel 38:23Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 20:42

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 20:41Ezekiel 20Ezekiel 20:43 →