Ezekiel 34:13
M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 106:47Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
Isaiah 49:9M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.
Isaiah 66:19M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.
Jeremiah 23:8Lè sa a y'a di: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.
Jeremiah 30:18Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.
Jeremiah 32:37Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.