Ezekiel 21:22
Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:17Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!
Joshua 6:20Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.
Job 39:25Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.
Jeremiah 33:4Wi, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l'.
Jeremiah 52:4Se konsa, sou dezyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan pye miray yo. Yo sènen l' nèt.
Ezekiel 5:12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.