Exodus 32:17
Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 24:13Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.
Joshua 6:5Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.
Joshua 6:16Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou!
Judges 15:14Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.
1 Samuel 17:20Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.
1 Chronicles 7:27ki te papa Noun. Noun te papa Jozye.