Ezekiel 22:21
Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:24Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
Deuteronomy 32:22Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
Psalms 21:9(021:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
Psalms 68:2(068:3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.
Isaiah 30:33Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.
Isaiah 64:7Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.