Isaiah 64:7
Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:12Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a.
Deuteronomy 32:19Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!
Job 10:9Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?
Psalms 100:3Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
Isaiah 27:5Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m' pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen.
Isaiah 50:2Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.