Ezekiel 24:12
Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin soti nèt nan dife a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
Isaiah 1:5Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Isaiah 57:9Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a.
Jeremiah 5:3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!
Jeremiah 9:5Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste.
Jeremiah 13:27Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?