Isaiah 1:5
Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 9:34Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.
Isaiah 9:13Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a.
Isaiah 31:6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!
Jeremiah 2:30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
Jeremiah 5:5Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito.
Jeremiah 6:28Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.