Ezekiel 26:18
Koulye a, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble lè y'a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo. Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a p'ap konn sa pou yo fè lè y'a wè jan ou fini an!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 23:5Lè moun Lejip yo va pran nouvèl sa ki te rive lavil Tir, yo pral tranble nan kanson yo!
Isaiah 41:5Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini.
Ezekiel 27:28Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble.
Ezekiel 31:15Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li.