Ezekiel 27:15
Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:7Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.
1 Kings 10:22Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
1 Chronicles 1:32Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.
Jeremiah 25:23moun lavil Dedan, moun lavil Teman ak moun lavil Bouz, ansanm ak tout moun ki koupe cheve nan tèt yo kout,
Ezekiel 25:13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.
Ezekiel 38:13Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?