Ezekiel 38:13
Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 57:4(057:5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.
Jeremiah 15:13Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.
Jeremiah 51:38Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap griyen dan yo tankou jenn lyon.
Ezekiel 25:13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.
Ezekiel 27:15Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa.
Ezekiel 27:22Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò.