Ezekiel 35:15
menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 17:5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.
Jeremiah 50:11Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen.
Ezekiel 25:6Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la.
Ezekiel 35:9M'ap fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. p'ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 36:5Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l' nèt ale a, yo pa t' manke kontan, yo pa t' manke pase nou nan rizib.
Obadiah 1:12Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray.