Obadiah 1:12
Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 31:29Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.
Psalms 31:18(031:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.
Psalms 54:7(054:9) Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.
Psalms 92:11(092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
Proverbs 24:17Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.
Lamentations 4:21Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.