Ezekiel 38:11
Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:10Men, yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze.
Judges 18:27Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.
Proverbs 1:11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
Isaiah 37:24Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
Ezekiel 38:8Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.
Zechariah 2:8Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.