Isaiah 37:24
Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
Psalms 20:7(020:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
Isaiah 10:18Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.
Isaiah 29:17Anvan nou bat je nou, rakbwa peyi Liban tounen jaden, jaden tounen rakbwa.
Isaiah 36:15Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, li p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a.
Jeremiah 22:6Men sa Seyè a di sou kay wa peyi Jida a: -Pou mwen, palè a bèl tankou peyi Galarad, tankou tèt mòn peyi Liban yo. Men, mwen p'ap pè fè l' tounen yon dezè, yon lavil kote moun pa rete.