Ezekiel 39:21
Seyè a di ankò: -M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:19Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Exodus 14:4M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.
1 Samuel 5:11Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo.
Psalms 32:4Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.
Isaiah 26:11Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.
Ezekiel 36:23Menm jan nou te trennen non m' nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m' pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m' gen pouvwa, jan m' se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.