Ezekiel 39:4
Ou menm Gòg, ansanm ak tout lame ou la ak tout lòt pèp k'ap mache avè ou yo, nou pral mouri sou mòn peyi Izrayèl la. M'ap kite kadav nou sèvi manje pou malfini karanklou, pou tout kalite zwezo ak bèt nan bwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Lè sa a, m'ap kraze bwa banza ki nan men gòch ou a. M'ap fè flèch yo soti tonbe nan men dwat ou.
5Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale.
Cross References
Isaiah 34:2Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.
Ezekiel 29:5Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou.
Ezekiel 33:27W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo.
Ezekiel 39:17Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.