Isaiah 34:2
Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san.
Cross References
Joshua 11:20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
Isaiah 13:5Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.
Isaiah 30:25Jou y'a kraze fò lènmi nou yo, jou y'a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann.
Isaiah 66:16Se avèk dife Seyè a pral jije, avèk nepe l' li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l'.
Jeremiah 25:31Bri a rive nan zòrèy moun toupatou sou latè. Seyè a gen yon kont pou l' regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L'ap fè touye tout moun ki antò. Se Seyè a menm ki di sa.
Joel 3:9Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n' al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Sanble tout sòlda yo! Fè yo mache pran yo!