Ezekiel 39:9
Lè sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral soti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y'ap boule yo. Y'ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran sètan pou l' boule.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Seyè sèl Mèt la di ankò: -Wè pa wè, jou mwen t'ap pale a gen pou rive. Sa se sèten.
Cross References
Psalms 46:9(046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
Isaiah 66:24Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!
Zechariah 9:10Seyè a di: -M'ap wete tout cha lagè ki nan peyi Efrayim. M'ap wete dènye chwal ki nan lavil Jerizalèm. M'ap kraze dènye banza yo sèvi pou fè lagè. Wa nou an pral fè tout nasyon yo viv byen yonn ak lòt. M'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè.