Ezekiel 40:39
Nan gwo chanm sa a, te gen kat tab, de sou chak bò pyès la. Se sou tab sa yo yo te touye bèt yo te ofri pou touye pou Bondye, kit pou yo boule l' nèt, kit pou wete peche yon moun fè, kit pou peye pou sa yon moun fè ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
40Sou deyò pyès la tou te gen lòt tab, de chak bò pòtay Nò a.
Cross References
Leviticus 4:2-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':
Leviticus 4:13Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,
Leviticus 5:15-Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.
Leviticus 6:6Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.
Leviticus 7:2Y'a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat bò lotèl la.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.