Ezekiel 6:13
Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen men ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.
Isaiah 1:29N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Isaiah 57:7Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.
Isaiah 66:17Seyè a di ankò: -Talè konsa sa pral fini pou moun k'ap fè sèvis pou mete kò yo nan bon kondisyon anvan y'a l' fè pwosesyon pou zidòl nan jaden yo, pou moun k'ap manje vyann kochon, vyann sourit ak lòt kalite manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.
Jeremiah 3:6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.