Ezra 1:3
Nou mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:31Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
1 Chronicles 28:20Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.
Ezra 5:13Koulye a, yo pretann di Siris, wa Babilòn lan, pa t' ankò fin gen ennan depi li t'ap gouvènen lè li ba yo otorizasyon pou yo rebati tanp Bondye a.
Psalms 83:18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
Isaiah 44:28Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.
Jeremiah 10:10Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.