1 Chronicles 28:20
Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:7Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a.
Joshua 1:5Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
1 Chronicles 22:13Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.
Ezra 10:4Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.