The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 1 › Ezra 1:7

Ezra 1:7

Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo.

Bib La

In The King James Version

Also Cyrus the king brought forth the vessels of the house of the LORD, which Nebuchadnezzar had brought forth out of Jerusalem, and had put them in the house of his gods;

In Context

6Tout vwazen yo te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt an ajan ak an lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan tanp lan.

8Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l' te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a.

Read all of Ezra 1

Cross References

2 Kings 25:13Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.

2 Chronicles 36:10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.

Ezra 5:14Yo di ankò: Nèbikadneza te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm, li te fè pote yo lavil Babilòn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fè wete tout veso sa yo nan tanp Babilòn lan, li renmèt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chèf nan pwovens Jida a.

Jeremiah 27:21Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Seyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm:

Jeremiah 28:3Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo.

Daniel 5:2Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 1:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 1:6Ezra 1Ezra 1:8 →