The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 5 › Ezra 5:14

Ezra 5:14

Yo di ankò: Nèbikadneza te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm, li te fè pote yo lavil Babilòn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fè wete tout veso sa yo nan tanp Babilòn lan, li renmèt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chèf nan pwovens Jida a.

Bib La

In The King James Version

And the vessels also of gold and silver of the house of God, which Nebuchadnezzar took out of the temple that was in Jerusalem, and brought them into the temple of Babylon, those did Cyrus the king take out of the temple of Babylon, and they were delivered unto one, whose name was Sheshbazzar, whom he had made governor;

In Context

13Koulye a, yo pretann di Siris, wa Babilòn lan, pa t' ankò fin gen ennan depi li t'ap gouvènen lè li ba yo otorizasyon pou yo rebati tanp Bondye a.

15Wa a te di l': Pran veso sa yo, al pote yo tounen nan tanp ki lavil Jerizalèm lan, epi rebati tanp Bondye a sou menm anplasman kote l' te ye a.

Read all of Ezra 5

Cross References

2 Chronicles 36:18Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn.

Ezra 5:16Se konsa, Chechbaza sa a vini, li moute fondasyon tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, travay la ap mache, men yo poko fini.

Ezra 7:27Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.

Jeremiah 52:19Chèf lagad la pran dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: kivèt yo, recho yo, gode yo, plat pou resevwa sann yo, lanp sèt branch yo, bòl yo ak tas yo,

Haggai 1:1Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:

Haggai 2:2Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo:

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 5:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 5:13Ezra 5Ezra 5:15 →