bible.software › Ezra › Ezra 10 › Ezra 10:9
Ezra 10:9
Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè.
Bib La
In The King James Version
Then all the men of Judah and Benjamin gathered themselves together unto Jerusalem within three days. It was the ninth month, on the twentieth day of the month; and all the people sat in the street of the house of God, trembling because of this matter, and for the great rain.
In Context
8Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.
10Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la.
Read all of Ezra 10
Cross References
Ezra 7:8Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne rèy Atagzèsès la.
Jeremiah 10:10Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
Jeremiah 36:22Se te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen.
This Verse In Other Editions
Study Ezra 10:9