Ezra 10:8
Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 6:19Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a.
1 Samuel 11:7Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.
Nehemiah 13:3Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.
Matthew 18:17Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
John 9:34Yo reponn li: Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson koulye a? Epi yo mete l' deyò nan sinagòg la.
1 Corinthians 5:13Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.