Ezra 2:68
Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
67katsantrannsenk chamo (0435) ak simil sètsanven (06.720) bourik.
Cross References
Exodus 35:5Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv,
Exodus 35:29Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.
Numbers 7:3Men sa yo te ofri bay Seyè a: sis kabwa ak douz towo bèf, ki vle di yon kabwa pou chak de chèf ak yon bèf pou chak chèf. Yo mennen yo devan kay Bondye a epi yo ofri yo bay Bondye.
1 Chronicles 22:1Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 3:1Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.
Ezra 9:9Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm.