The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 3 › Ezra 3:5

Ezra 3:5

Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'.

Bib La

In The King James Version

And afterward offered the continual burnt offering, both of the new moons, and of all the set feasts of the LORD that were consecrated, and of every one that willingly offered a freewill offering unto the LORD.

In Context

4Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a.

6Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a.

Read all of Ezra 3

Cross References

Exodus 29:38Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.

Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.

Numbers 28:3W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen.

Numbers 28:14N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a.

Numbers 28:27Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

Numbers 29:8N'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye. Se va yon ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt n'a ofri: yon towo bèf, yon belye mouton, sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 3:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 3:4Ezra 3Ezra 3:6 →