Ezra 4:7
Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 18:26Lè sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a: —Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.
Ezra 4:17Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat.
Ezra 7:1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.
Isaiah 36:11Lè sa a, Elyakim, Chebna ansanm ak Joak di chèf gad palè a: -Tanpri, mèt. Pale lang arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.
Daniel 11:2Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.